La loi de ma bouche(@laloidemabouche) 's Twitter Profileg
La loi de ma bouche

@laloidemabouche

Par une Haïtienne du pays

ID:3316233128

linkhttp://laloidemabouche.ht calendar_today15-08-2015 20:11:25

42,1K Tweets

70,1K Followers

197 Following

La loi de ma bouche(@laloidemabouche) 's Twitter Profile Photo

Lè jou sa rive
Pèsonn p ap epanye
Sa k ap tweet pou
Sa k ap tweet kont

Lè jou sa rive
Mwen menm anpremye
Ap nan pran kou
Menm ak sanwont

Lè jou sa rive
Tout bagay eksploze
Ni li ni ou
Ap viktim tou

Pa kite jou sa rive
Mete men, pote kole

posib si nou vle l vre.

account_circle
La loi de ma bouche(@laloidemabouche) 's Twitter Profile Photo

Kostov Dave Youri Latortue Ban m yon fwa, ajoute vagabonday sou vagabonday janm mache. Yon sèl fwa.

Se nan plis tchouboum li toujou lage n. Sèl moun ki pwofite se moun ki pran pouvwa yo.

account_circle
La loi de ma bouche(@laloidemabouche) 's Twitter Profile Photo

Kostov Dave Youri Latortue Nou p ap ba li l. Manda a se 5 lane li ye. Si n ap bay mesye a koudeta, ba li l nou fini, men gen de presedan yon moun pa kreye. Sa danjere.

account_circle
La loi de ma bouche(@laloidemabouche) 's Twitter Profile Photo

Nan tout diskisyon sa yo, nou bliye konstitisyon 1987 an kreyòl la pa t janm amande ... e li legalman gen menm pwa ak sa fransè a.

Men bon, an menm tan, men konbyen tan nou fè ap respekte Konstitisyon 87 la an Ayiti...

se ak konstans n ap konstwi l

account_circle
La loi de ma bouche(@laloidemabouche) 's Twitter Profile Photo

Alòs. Domèn presidence.ht a la. president.ht tou. Si se pou n rete nan CPT, jis ekri manager ccTLD a pou l ba nou cpt.gouv.ht, yo gen obligasyon ba nou l, san senkòb. Apre sa, peye yon sèvis imel epi se tout.

Antouka, kontinye pouse bourik nou.

account_circle